![]() Pibliye li imedyatman Pou yon bon jan edikasyon ki disponib pou tout moùn Haïti - Éduc’2012 An nou mete limyè sou « Kouman pou sa fèt » Monreyal 6 oktòb 2011 – Si gen yon lide tout Ayisyen fanm kou gason, kèlkeswa klas sosyal yo ak pozisyon politik yo, yo antann yo sou li, se enpòtans edikasyon nan rekonstriksyon peyi yo. Kounye a, kesyon ki cho pou tout moùn se «Kouman pou sa fèt». Kòman pou nou rive sèvi avèk ladrès ak konpetans tout moùn nou genyen yo, ak materyèl epi lajan nou genyen disponib, kwake yo limite, pou nou transfòme sistèm edikasyon nou an sou yon peryòd tan, ki kab pran dizan, kenzan oubyen ventan ? Wi, nou dwe konnen kijan pou nou transfòme sistèm edikasyon nou an, ki se yon machin ki ap ponn echèk, pou li tounen yon tren pou devloman nou. Vrè repons pou kesyon nou poze pi wo a, pyèsmoùn pa konnen li. Pou noumenm, sèl fason pou nou jwenn repons sila a, se apati youn rasanbleman tout Ayisyen nan yon refleksyon an pèmanans, ki dwe mache men nan men ak bon jan aksyon anndan peyi a. Konsa, nou dwe fè planifikasyon, travay sou yo epi evalye travay nou. Lè nou fini, nou dwe pran san nou pou modifye sa ki merite chanje. Kalite aksyon sa yo dwe kontinye san rete. Se konsa nou dwe travay pou avansman sosyete nou an. Se sèten, ap genyen lide kontrè sou fason pou nou aji, men se nòmal, paske yo toujou di : anpil tèt se anpil lespri. Daprè nou, yon refleksyon an pèmanans, ki byen òganize avèk ouvèti lespri, senserite epi ki aksepte lide tout moùn san distenksyon, ap toujou genyen pi plis chans pou li reyisi. Se nan kad sa a GRAHN-Haïti ak GRAHN-Monde pran sou responsablite yo, apre yo fin pase nèf mwa nan pale ak moùn ki kab vin patnè yo anndan Ayiti kou aletranje, pou yo demare pwojè ki pral rele Haïti-Éduc’2012 la. Pwojè sa a se premye a nan yon seri rankont ki pral fèt chak dezan pandan 20 ane ki ap vini yo tankou GRAHN-Haïti ak GRAHN-Monde genyen li nan plan estratejik yo kòm kontribisyon yo nan rekonstriksyon Ayiti. Tout moùn konnen pwoblèm ki genyen nan sistèm edikasyon an. Pwoblèm sa yo pa yon sekrè pou pyès moùn. Gen anpil travay ki fèt kote yo te ekzaminen pwoblèm sa yo ak anpil swen, epi yo te analize yo. Yonn nan gwoup ki te fè kalite travay sa yo, pa gen lontan, se gwoup ki ap travay sou edikasyon ak fòmasyon an (GTEF). Travay ekip sa a te fè yo te yon gwo pa nan yon bon direksyon. D'autres initiatives, telle celle du Séminaire WISE des 28 et 29 septembre 2011, où certaines pratiques exemplaires ayant cours en Haïti même ont été mises en évidence, sont venues en prolongement de ces travaux. Avec Haïti-Éduc'2012, il s’agit de continuer à construire sur les acquis: partir de la situation telle qu’elle est, des diagnostics qui ont été posés et des pistes de solution qui ont été dégagées par les uns ou par les autres, pour ajouter un autre maillon à la longue chaîne de l'amélioration continue qui, seule, pourra propulser notre pays dans le 21e siècle.
Yonn nan bi-vize Haïti-Éduc’2012, se prensipalman pou ofri moùn ki ap patisipe nan rankont sa a yon fowòm ansanm ak yon rezo, kote yo ap kapab rasanble eksperyans epi konesans yo nan lapratik nan travay ansanm, yon fason pou yonn aprann nan men lòt. Rechèch nou fè nan peyi a fè nou konprann gen bon jan aksyon ki fèt pasi-pala, men yo rete izole epi moùn pa prèske konnen yo. Konsa, li nòmal pou divès moùn ki antreprann aksyon izole sa yo kontre nan yon espas kote yo ap gen okazyon pale sou sa yo fè. Lè sa a lòt moùn va jwenn sous enspirasyon ladan yo epi bò kote pa yo, yo va amilyore aksyon sa yo ak kòmantè pa yo. Entansyon an, se rasanble tout sa nou deja genyen yo olye pou nou ap gaspiye ti mwayen tou piti nou genyen yo pou nou refè yon bann ti pwojè ki parèt anpil, men, ki pa janm vrèman rasanble pou yo tounen yon fòs. Men twa ekzanp, pami mil lòt, kote nou kab rasanble fòs nou :
Yonn nan divès aktivite Haïti-Éduc’2012, epitou se pa sa ase non, se va kreye yon seri atelye fòmasyon pou etidyan ak moùn ki nan domèn afè nan divès pati nan peyi a. Atelye sa yo ap sou teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon ( kouman pou yo sèvi ak zouti sa a kòm mwayen pou amilyore fonksyonnman yon òganizasyon piblik oubyen prive, ki nan pwodiksyon oubyen ki ap bay sèvis) nan planifikasyon ak jesyon kalite, nan pwomosyon pwodwi lokal sou mache peyi etranje. Lis sa a kab pi long toujou. 30-
Si nou bezwen pi plis enfòmasyon :
Kontak : Pou GRAHN-Monde : Rodrigue Baugé, Vice-président Communications, rodrigue.bauge@ grahn-monde.org
Pou GRAHN-Haïti : Laurence Gauthier Pierre, Présidente, laurenceg.pierre@grahn-monde.org
Pou Haïti-Éduc’2012 : Samuel Pierre, samuel.pierre@grahn-monde.org Jean-Marie Bourjolly, jean-marie.bourjolly@grahn-monde.org |